konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pwomèt popilasyon an sekirite.
- konektem info
- 13 mai 2024
- 1 min de lecture
Nan yon nòt pou laprès KPT pibliye jodi a, konsèy la kondane zak kriminèl bandi yo fè nan komin Gresye a epi pwomèt yo pral travay pou mete sekirite nan peyi a.
KPT a ekri: "Se responsabilite pa nou nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou garanti sekirite chak moun k ap viv nan peyi a." Konsèy la pwomèt pou kreye Konsèy Nasyonal Sekirite (KNS) ki pral gen pou misyon pou kowòdone relasyon Lapolis Nasyonal la, Lame a ak sipò entènasyonal pou dechouke bandi nan tout peyi a.
Comments