Konpayi Kwazyè Royal Caribbean Sispann Eskal li nan Labadee.
- konektem info
- il y a 8 heures
- 1 min de lecture
Konpayi kwazyè Royal Caribbean, ki gen baz li nan Miami, anonse li sispann ankò eskal li te konn fè Labadee, nan nò Ayiti, akoz sitiyasyon sekirite a k ap vin pi grav chak jou. Se dezyèm fwa an mwens pase yon lane konpayi a oblije pran desizyon sa a, dapre sa Miami Herald rapòte.
Celebrity Cruises, ki se yon lòt branch nan menm gwoup la, te deja retire Labadee sou wout kwazyè li yo depi kèk semèn.
Desizyon sa yo mete plis presyon sou endistri touristik Ayisyen an, ki deja an difikilte akoz ensekirite jeneralize ki domine peyi a. Labadee se te youn nan dènye kote ki te kontinye resevwa vizitè atravè kwazyè, men kounye a, li pèdi plas li.
Se yon lòt kou ki montre kijan ensekirite a ap frajilize ekonomi ak imaj peyi a sou plan entènasyonal.
Comments