top of page

KONATEL mande pou radyo Mega.fm kanpe ak emisyon boukante lapawòl.

Nan yon lèt ki ekri nan dat 22 novanm 2024 la, Enjenyè Joses Jean-Baptiste, Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (KONATEL), ekri Prezidan Direktè Jeneral Radyo Mega FM, Mesye Alex Saint-Surin, pou denonse itilizasyon frekans 103,7 MHz pou fè pwopagann an favè gwoup ak zam ilegal yo, k ap simen laterè nan kapital la.


Lèt la mete aksan sou patisipasyon chèf gang tankou Jeff Gwo Lwa ak Jimmy Chérisier, ki lajistis ap chèche epi Nasyonzini sanksyone pou zak teworis, nan emisyon “Boukante Lapawòl” pandan dènye jou yo. Direktè a fè konnen yo itilize espas sa a pou simaye mesaj rayisman ak menas kont sosyete a, yon pratik ki vyole lwa ayisyèn yo, espesyalman atik 51 ak 52 Dekrè 12 oktòb 1977 la ki bay Leta ayisyen monopòl sou sèvis telekominikasyon.


Nan kad eta dijans gouvènman an, KONATEL egzije Radyo Mega FM pou sispann difizyon emisyon sa a san pèdi tan, an amoni ak atik 130 ak 135 Dekrè sa a. Otorite yo avèti, si demann sa a pa respekte, y ap pran mezi ki gen ladan sispansyon konsesyon an ak aplikasyon lòt sanksyon legal ki prevwa nan kòd penal la ak lòt lwa ki an vigè.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page