top of page

Komin Koray gen gwo difikilte pou jwenn sèvis Natcom ak Digicel.

Depi plizyè jou, popilasyon komin Koray, nan Grandans, ap fè fas ak yon gwo pwoblèm nan sèvis rezo mobil Natcom ak Digicel. Pwoblèm sa a pa sèlman paralize anpil aktivite lokal yo, men li izole komin nan ak rès peyi a, e menm tout monn nan.


Plizyè sektè nan kominote a eksprime fristrasyon yo epi mande operatè telefonik yo pou amelyore sèvis yo. Absans rezo a gen konsekans grav sou tranzaksyon tankou Mon Cash ak Natcash, sa ki ralanti aktivite komèsyal yo ak konplike tranzaksyon finansye yo.

Dapre antreprenè Laurent Marc Arthur, pwoblèm nan t a soti nan yon move jesyon gaz ki sèvi pou alimante sit rezo yo. Li fè konnen sitiyasyon an ap vin pi grav e, malgre kèk peryòd kote siyal yo te retabli pou kèk jou, pwoblèm nan pa janm rezoud nèt. "Siyal yo te konn retounen pandan yon semèn, men kounye a, tout bagay vin pi difisil," li ajoute.


Pàn nan frape sitou zòn riral tankou Souma, Lakonm, ak Nache, ansanm ak sant vil Koray. Sitiyasyon sa a fè kominikasyon ak tranzaksyon vin pi difisil, kite popilasyon an koupe ak rès peyi a.

Malgre defi sa yo, abitan Koray ak aktè ekonomik yo rete espere  pwoblèm sa a ap jwenn yon solisyon rapid pou retabli sèvis rezo yo, ak pèmèt komin nan reprann aktivite nòmal li yo.


Kominikasyon telefonik lan tèlman esansyèl nan lavi chak jou Ayisyen yo, pèdi aksè ak sèvis sa a vin yon gwo baryè pou tout moun.

コメント

5つ星のうち0と評価されています。
まだ評価がありません

評価を追加
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page