top of page

Kolizyon ant yon avyon ak yon elikoptè militè lakòz panik nan Washington.

Jodi 29 janvye 2025 lan, Yon gwo aksidan ayeryen frape kapital amerikèn nan, mèkredi swa, lè yon avyon rantre an kolizyon ak yon elikoptè militè, toupre ayopò Ronald-Reagan. Kolizyon sa a lakoz yon entèdiksyon imedya sou tout vòl komèsyal nan zòn nan.


Daprè otorite yo, dekonb avyon an tonbe nan flèv Potomac, kote plizyè ekip rechèch ak sekou t ap mennen operasyon pou sove posib sivivan yo. Gad Kòt, ponpye ak plizyè ajans federal mobilize pou reponn a sitiyasyon trajik sa a.


Pòtpawòl Mezon Blanch lan, Karoline Leavitt, konfime sou Fox News Prezidan Donald Trump resevwa enfòmasyon sou dram nan. Daprè Federal Aviation Administration (FAA), avyon ki enplike nan aksidan an se te vol 5342 American Airlines, ki te soti Kansas, epi li antre an kolizyon ak yon elikoptè Black Hawk ki se pwopriyete  lame amerikèn.


American Airlines fè konnen 60 pasaje te nan vòl la, men kantite moun ki te nan elikoptè militè a poko konfime. Jiskaprezan, otorite yo pa bay okenn bilan ofisyèl, men videyo ki parèt sou rezo sosyal yo montre yon boul dife nan lè a, sa ki ogmante kè sote sou kantite viktim yo.



Pandan Washington anba chòk, otorite yo pwomèt transparans sou devlopman sitiyasyon an, pandan fanmi pasaje yo ap tann plis enfòmasyon.

コメント

5つ星のうち0と評価されています。
まだ評価がありません

評価を追加
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page