top of page

Kisa Entèlijans Atifisyèl la ye ?

Dernière mise à jour : 8 juin 2023


Entèlijans Atifisyèl (intelligence artificielle - IA) se yon domèn nan enfòmatik ki gen pou objektif kreye machin ki kapab fè tach ki nòmalman mande yon entèlijans moun.

IA gen anpil Avantaj ladan l, tankou :

- Kapasite pou trete ak analize gwo kantite done nan tan reyèl, yon bagay ki konn parèt prèske enposib pou moun fè ak sèvo yo.


- Kapasite pou programe otomatikman yon seri tach kap repete plizyè fwa e chanje valè yo tanzantan pou jwenn yon rezilta egzak.


- Kapasite pou pran desizyon pi vit ak pi dirèk pase moun nan kèk sitiyasyon, tankou dekouvri  fwod (fraude) oswa prediksyon rezilta medikal.

Malgre tout kontribisyon ke entèlijans atifisyèl yo pote nan evolisyon mond lan sa pa anpeche yo genyen gwo enkonvenyan ak risk ki asosye avèk yo, tankou :


- Risk pou gen pèt travay nan kèk sektè, paske tach ki otomatizab yo ka fèt pa machin yo olye moun yo.


- Risk pou toujou esklav entèlijans atifisyèl (IA) yo, ki ka gen gwo konsekans lè gen yon pan oubyen lè gen pirataj nan sistèm nan, e sa ka lakoz gen yon efè negatif sou biznis ak sosyete ki sèvi ak yo.


E finalman Risk pou gen erè nan desizyon ki pran pa sistèm IA yo.


Entèlijans atifisyèl yo (IA) ofri anpil opòtinite pou amelyore lavi nou chak jou, men li enpòtan tou pou n konnen risk ak enkonvenyan yo yon fason pou n ka pi byen pwofite kontribisyon yo pote nan ede nou travay nan pi bon kondisyon.



Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page