top of page

Ki kote mo"Travail" la soti ? Orijin - Istwa.

Dernière mise à jour : 8 juin 2023


Travail (travay) se yon mo fransè ki soti nan Latin "tripalium", se te  yon enstriman ki fòme pa twa (3) poto ke Romen yo te konn itilize pou tòtire esklav, vòlè ak imobilize bèt, lè yo bezwen swanye yo nan peryòd Medyeval an Ewop (période médiévale).



Se nan peryòd mwayen aj la, mo travay vin defini kòm efò fizik oswa doulè epi li vin refere a aktivite moun ki vize a pwodwi yon bagay ki gen valè, kit se nan travay latè, kreye objè oswa nan bay sèvis.

Kidonk, mo "travail" (travay) la vin tounen yon tèm popilè pou dekri aktivite pwofesyonèl ak ekonomik èt imen.


Evolisyon travay pandan plizyè syèk te make pa anpil chanjman, tankou endistriyalizasyon, automatisation, globalizasyon ak nimerik.

Devlopman sa yo ogmante pwodiktivite ak amelyore kondisyon lavi anpil travayè, men yo te lakoz tou dezavantaj tankou chomaj, estrès travay, izolasyon sosyal, elatriye.



An 1889, mouvman travayè entènasyonal la te deside fè premye me yon jou manifestasyon ak revandikasyon an favè travayè yo, nan solidarite ant travayè tout peyi. Jodi a, Jounen Travay la selebre nan anpil peyi atravè mond lan chak premye me, epi li sèvi kòm yon rapèl sou enpòtans pou amelyore kondisyon travay ak lavi.


Sèjousi, travay souvan wè kòm yon nesesite ekonomik, men li kapab tou yon sous satisfaksyon pèsonèl ak realizasyon pèsonèl.


Chanjman teknolojik ak sosyal yo kontinye fè evolye mond travay la, e se sa ki fè li enpòtan pou nou chache adapte nou ak chanjman sa yo pou asire yon lavi travay ranpli ak ekilibre.



Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page