top of page

Kat Idantifikasyon Nasyonal: Etap ak Kondisyon pou Jwenn Dokiman Enpòtan sila a.

Kat Idantifikasyon Nasyonal (CIN) la, ki esansyèl pou tout sitwayen ayisyen, nesesè pou plizyè sèvis tankou ouvri yon kont labank, enskri nan lekòl oswa inivèsite, mande yon paspò, oswa yon pèmi kondwi. Pou rive gen aksè avè l, genyen tout yon etap ou dwe suiv, epi dokiman ou dwe genyen pou finalize pwosesis administratif sa a.


Chak sitwayen ki vle fè demann pou kat la dwe prezante yon pyès idantite valab. Men opsyon ki aksepte yo:


1)Ak nesans oswa yon ekstrè achiv.

2) Sètifika batèm ki otantifye si ak nesans lan  pa disponib.

3) Ak adopsyon pou timoun ki adopte yo.

4)Pou etranje ki natiralize kòm ayisyen, yo bezwen yon kopi Monitè ki pwouve natiralizasyon an.


Apre ou fin asire w genyen youn nan dokiman ki nesesè sa yo, ou dwe ale pèsonèlman nan youn nan 145 biwo ONI ki gaye atravè tout peyi a. Sou plas, yo pral kolekte enfòmasyon biyografik ak biyometrik tankou yon foto, anprent dijital ou, ak yon imaj iris ou pou asire kat la fyab epi otantik.


Lè w ap enskri, yo rekòmande pou ou mete rad ak kòl, sa vle di rad ki dekòlte kote estomak ou parèt pa rekòmande,men pa gen okenn restriksyon sou jan cheve ou dwe fèt, swa pou fanm oswa gason. Kat la dwe remèt pèsonèlman bay moun ki te fè demann lan, nan yon delè ki soti ant 8 pou rive 22 jou. Si gen difikilte pou pran kat la, ou ka kontakte ONI nan nimewo 88 22 oswa depoze yon plent sou platfòm yo a sou entènèt.


Pwosesis rijid sa a se yon mwayen pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl yo pandan y ap ranfòse transparans ak efikasite nan enstitisyon piblik yo. Kat Idantifikasyon Nasyonal la se plis pase yon dokiman, li se yon viza pou jwenn aksè nan yon seri sèvis enpòtan nan lavi chak sitwayen.

コメント

5つ星のうち0と評価されています。
まだ評価がありません

評価を追加
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page