top of page

Kamala Harris Denonse Diskou degradan Trump lan k ap kreye Divizyon.

Nan yon entèvyou ak yon Asosyasyon  Jounalis Nwa, madi 17 septanm 2024 la, Vis Prezidan Kamala Harris te adrese kèk sijè enpòtan. Li te fè referans sou danje pawòl ki soti nan bouch moun ki okipe gwo pozisyon enpòtan, espesyalman lè yo gen mikwo nan men yo,  pandan li t ap kritike ansyen Prezidan Donald Trump pou deklarasyon l yo ki te ankouraje divizyon ak laperèz nan kominote imigran yo. Harris te raple responsablite gwo lidè yo genyen pou yo evite itilize pawòl ki ka ankouraje vyolans oswa simen laperèz nan kè moun.



Nan rankont sa a, Harris te montre kijan, kòm yon politisyen ki soti nan yon fanmi Jamaiken ak Endyen, li pran angajman pou kontinye travay sou kesyon enpòtan tankou sekirite kominotè ak devlopman ekonomik, pandan li egzije responsablite nan pawòl ak aksyon. Deklarasyon sa yo te make yon gwo diferans konpare ak entèvyou Donald Trump te bay menm òganizasyon an nan mwa pase a, kote diskisyon yo te vire nan yon ton ki pi kontwovèsal. Harris t ap travay pou ranfòse angajman ak kominote nwa epi ak lòt minorite nan pwosesis elektoral la.


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page