top of page

Inyon Ewopeyèn pran sanksyon kont twa chèf gang Ayisyen.

Lendi 16 desanm 2024 la, Inyon Ewopeyèn anonse li pran sanksyon kont twa (3) chèf gang Ayisyen ki enplike nan zak kriminèl ak vyolasyon dwa moun nan peyi a. Moun yo vize yo se Jonel Joseph, lidè gang « Terre Noire », Gabriel Jean-Pierre, ki rele « Gpep », ak Ferdens Tilus, chèf gwoup ame « Kokorat san Ras ».


Nan yon nòt pou laprès, Inyon Ewopeyèn akize twa (3) mesye sa yo pou zak grav tankou vòl ak zam, fè moun peye lajan fòse (ekstòsyon), asasinay, kadejak, kidnapin pou lajan, epi manm nan asosyasyon malfektè. Sanksyon sa yo entèdi tout moun ak òganizasyon nan Inyon Ewopeyèn nan pou yo bay mesye sa yo lajan oswa nenpòt lòt resous. Yo menm tou, yo p ap gen dwa antre sou tèritwa okenn peyi manm nan UE. Daprè nòt la, lòt mezi ka toujou pran si sa nesesè.


Sanksyon sa yo vin ajoute sou yon lis ki deja long. Pandan plizyè lane, Lafrans, Kanada ak Etazini te deja mete sanksyon kont yon seri lidè gang, politisyen, ak moun ki gen gwo pouvwa ekonomik. Men, malgre tout mezi sa yo, ensekirite a kontinye ap fè ravaj nan peyi a san okenn siy amelyorasyon. Sa pou n poze kesyon sou efikasite jefò kominote entènasyonal la, nan lit  pou konbat vyolans ak krim nan peyi Dayiti.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page