top of page

Inogirasyon yon Nouvo Baz Militè nan Tabarre nan Okazyon Komemorasyon 221èm Anivèsè Batay Vètyè a.

Nan okazyon komemorasyon 221èm anivèsè Batay Vètyè a, Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), Leslie Voltaire, te patisipe nan yon seremoni espesyal kote yo inogire yon nouvo baz militè ki pote non "Baz Vertières". Evènman an te fèt an prezans Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, twa lòt konseye prezidan, manm kabinè ministeryèl ak plizyè gwo otorite leta.


Prezidan Voltaire te mete aksan sou enpòtans baz sa a, pandan li deklare : « Inogirasyon baz sa a se yon gwo etap nan reyalizasyon youn nan senk chantye CPT a konte bati: ki vize retabli sekirite nan peyi a. » Baz militè a, ki chita sou yon tèren 10 kawo, fèt pou akomode plizyè santèn sòlda ak ekipman, tankou elikoptè.


Nan pwochen mwa yo, anviwon 2,500 sòlda pral resevwa fòmasyon entansif sou sit la pou ede estabilize peyi a, dapre yon reprezantan Fanmi Lavalas nan CPT. Kòmandan an chèf Fòs Lame Ayiti (FAd’H), Derby Guerrier, te pwofite remèsye Konsèy Prezidansyèl la epi ankouraje sòlda yo pran fòs nan lespri batayè Vètyè yo pou ede lapè blayi nan tout kote nan peyi a.


Seremoni an, ki te fèt anba tèm *« Avèk lespri ewo Vètyè yo, Ayiti p ap peri » make yon etap enpòtan nan objektif ranfòsman sekirite ak souverènte peyi a.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page