top of page

Gè Izrayèl kont Hamas: "Se lè pou yo finalize akò a", Etazini ap mete presyon pou lapè retounen nan Gaza.

Yè madi 3 septanm 2024 la, Wachintonn pran pozisyon pou finalize akò pou mete yon bout nan lagè ant Izrayèl ak Hamas la.


Nan yon deklarasyon Matthew Miler, pòtpawòl Depatman Deta Ameriken an fè jodi a, li eksprime anvi administrasyon Biden nan genyen pou wè lapè retounen sou teritwa palestinyen an. "Genyen plis pase yon dizèn otaj juif ki nan men òganizasyon Hamas k ap tann yon akò pou yo retounen jwenn fanmi yo. Se lè pou yo finalize akò a".


Yon pozisyon ki pa two danse kole ak pa premye minis Izrayèl la Benjamin Netanyahu, ki li menm, pa atann bay vag.

Plizyè milye juif manifeste pou egzije gouvèman Ebre a pou abouti ak yon akò k ap mete yon bout ak gè a epi liberasyon otaj yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page