top of page

Gwo tansyon eklate nan mitan kèk elèv lekòl piblik ak prive nan Miragwàn.

Yon gwo tansyon eklate nan vil Miragwàn, lendi 13 janvye 2025 lan, kote elèv lekòl piblik ak prive antre nan takotak ak agresyon fizik. Aksyon sa montre  gwo divizyon ki egziste nan sektè edikasyon Ayisyen an.


Elèv lekòl Leta, espesyalman sa yo ki soti nan Lekòl Segondè Jèn Fi ak Lycée Jacques Prévert, te manifeste kont absans pwofesè k ap repete chak jou nan klas yo. Yo deklare sitiyasyon sa a "entolerab" apre plizyè mwa san okenn chanjman.


Malerezman, manifestasyon an te tounen yon batay ant elèv lekòl piblik yo ak sila yo ki nan Collège Lumière, yon lekòl prive ki te vin tounen yon sib.

Dapre jounal Le Nouvelliste, mouvman sa a fèt nan yon kontèks kote sistèm edikasyon an an Ayiti paralize nèt, sitou ak pwofesè ki souvan an grèv pou reklame pi bon kondisyon travay ak pèman salè yo ki souvan fèt anreta. Pandan tan sa, elèv yo, viktim dirèk nan kriz sa a ,  wè avni yo an danje.


Entèvansyon Polis Nasyonal  Ayiti (PNH) te ede mete fen nan konfli a. Lapolis te rapidman entèvni pou dispèse manifestan yo epi sekirize zòn lekòl ki te afekte yo, nan evite plis takotak.


Sepandan, kriz nan sistèm edikasyon Ayisyen an ap kontinye mangonmen si pa gen gwo refòm ak yon volonte politik solid. Edikasyon se baz devlopman, neglijans nan sektè sa a ap mete avni jenerasyon k ap vini an nan pliis difikilte si leta pa pran sa an konsiderasyon.

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page