top of page

Gwo Manifestasyon nan Pòtoprens pou reklame sekirite epi mande depa Konsèy Prezidansyèl la.

Plizyè milye moun desann lari Pòtoprens, jounen mèkredi 2 avril sa, pou mande sekirite epi egzije depa Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), yo konsidere kòm enkapab pou retabli lapè nan peyi a. Se dezyèm gwo mouvman mobilizasyon sa a nan mwens pase de (2) semèn nan zòn metwopolitèn nan.


Manifestan yo, ki te pase sou plizyè wout tankou Juvénat ak Avenue Panaméricaine, t ap chante, leve branch bwa epi voye pawòl piman bouk kont otorite yo. Yo mete barikad kawotchou boule sou plizyè wout pou montre kòlè yo.


Nan Morne Lazarre, lapolis itilize gaz lakrimojèn pou dispèse foul la, men manifestan yo rete detèmine pou rive devan Villa d’Accueil, kote prezidans lan chita, tou pre rezidans ofisyèl premye minis la nan Musseau.


Mouvman sa a paralize lekòl, biznis ak lòt aktivite nan plizyè katye Pòtoprens ak Petyonvil, pandan tansyon an kontinye moute.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page