top of page

Gwo Atak sou Prizon Sivil Mibalè: Plis Pase 500 Prizonye Sove.

Ayè dimanch nan sware 30 mas la pou louvri lendi 31 an, Bandi tanmen yon atak Kont vil Mibalè. Men jodi lendi a, bò 1nè nan aprè midi, gang ak gwo zam fann fwa atake rive kraze prizon sivil Mibalè a, sa ki lakoz evazyon plis pase 500 prizonye. Atak la, ki te byen òganize, montre ankò frajilite sistèm prizon Ayisyen yo.


Daprè Kolektif Avoka pou Defans Dwa Moun (CADOHA), gang yo te mennen yon operasyon rapid kote yo pa t bay fòs lòd yo okenn chans pou reyaji sou sa a tan. Me Arnel Rémy, responsab CADOHA, kritike jan prizon yo jere nan peyi a epi mete aksan sou lefèt  yo tounen sib fasil pou gang yo.


Otorite yo toujou silansye jiska prezan, otorite polisye yo poko bay okenn repons ofisyèl sou atak sa a. Silans sa a vin ogmante kè sote sou kapasite Leta pou jere kriz sekirite a k ap vin pi grav chak jou. Malgre sa, Me Arnel Rémy presize pa gen okenn prizonye ki te trè medyatize pami moun ki sove yo.


Sitiyasyon an rete sou tansyon, epi popilasyon an ap mande tèt li kisa otorite yo pral fè pou reprann kontwòl sou sistèm prizon an ak sou ensekirite k ap layite kò l nan peyi a.

コメント

5つ星のうち0と評価されています。
まだ評価がありません

評価を追加
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page