top of page

Gradiyasyon 700 nouvo polisye ki pral entegre PNH la.

700 nouvo polisye nan 34èm pwomosyon Polis Nasyonal  Ayiti (PNH) la, pare pou entegre  enstitisyon an. Seremoni gradyasyon an ap fèt vandredi 10 janvye a, nan Lekòl Polis ki chita kò l sou wout Frè, Petyonvil.


Dapre Komisè Divizyonè Michel-Ange Louis Jeune, polisye sa yo te suiv yon fòmasyon entansif pandan 6 mwa. Yo pral ede konble mank efikasite nan PNH la, yon pwoblèm ki vin pi grav akòz plizyè ajan pa an sèvis, sitou nan zòn metwopolitèn nan, Pòtoprens.

« Polisye sa yo pral entegre inite espesyalize pou fè fas ak gwoup ame yo, » dapre sa pòtpawòl la deklare. Li mete aksan sou enpòtans pwomosyon sa a pou ogmante kapasite operasyonèl PNH la, nan yon moman kote gang yo ap ogmante enfliyans yo nan peyi a.


Ak nouvo pwomosyon sa a, PNH espere pote yon nouvo dinamik nan lit kont ensekirite ki kontinye boulvèse lavi  Pèp Ayisyen an.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page