Gouvènman Ayisyen an Jwenn yon Akò avèk Sendika pwofesè yo, pou kwape grèv la.
- konektem info
- 20 janv.
- 1 min de lecture
Jodi Lendi 20 janvye 2025, gouvènman Ayisyen an, anba lidèchip Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, anonse yon viktwa enpòtan pou sektè edikasyon an. Yon akò angajman siyen avèk sendika pwofesè yo, mete fen nan yon grèv ki te paralize lekòl atravè peyi a. Akò sa a, ki vize amelyore kondisyon pwofesè yo ak sistèm edikatif la, garanti elèv yo retounen nan klas san pèdi tan, epi jwenn pwofesè pou travay avèk yo.
Nan kad negosyasyon ki t ap fèt pandan dènye jou yo, Premye Minis la, ak sipò Minis Edikasyon Nasyonal la, Mesye Antoine Augustin, ak Minis Finans lan, Mesye Alfred Mettelus, te rive jwenn yon konsansis avèk òganizasyon sendikal yo. Gouvènman an pran plizyè angajman an ijans, tankou regilarize sitiyasyon pwofesè yo, peye salè anreta yo, ofri kat debi 15,000 goud pou pwofesè yo apati fevriye, epi relanse asirans piblik ak pwogram manje cho pou elèv yo. Yon komisyon miks pral travay sou enstitisyon fondamantal yo pou adrese lòt pwoblèm estriktirèl.
Premye Minis lan felisite sendika yo pou sans responsabilite yo, pandan li renouvle angajman Gouvènman an pou yon sistèm edikasyon enklizif ak dirab. Li envite tout aktè sektè a pou kolabore nan dyalòg sosyal la, ki vize yon refòm solid nan sistèm nan, pou byennèt tout timoun an Ayiti.
コメント