top of page

Gouvènman an pral rekrite 8,000 Jèn pou ranplase Travayè ki remèt demisyon yo nan administrasyon Piblik la, akoz yo kite peyi a.

Premye Minis Garry Conille anonse ap gen yon pwosesis rekritman ki pral lanse nan pa twò lontan pou ranplase mank efektif travayè nan administrasyon piblik la. Anviwon 8,000 jèn fanm ak gason ap rekrite atravè tout peyi a pou konble vid ki genyen nan administrasyon piblik la, akoz Ayisyen ki kite peyi a pou ale lòt bò dlo. Konkou sa yo ap fèt pandan gouvènman an ap kontinye travay sou "odit" ak rekapitilizasyon resouzimèn yo.


Dènye chif yo montre ke gen 103,545 moun ki fè pati fonksyon piblik la. Plizyè pwofesyonèl nan sektè piblik ak prive te oblije kite peyi a pandan dènye ane sa yo akòz kondisyon sosyal,ekonomik ak politik k ap mangonmen chak jou pi plis nan peyi a.


Pwogram sa a, ki te lanse an janvye 2023 anba lòd administrasyon ameriken an, te ankouraje plis pase 100,000 Ayisyen kite peyi a, enkli anpil ajan nan fonksyon piblik la.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page