top of page

Gordana Siljanovska-Davkova eli prezidant peyi Nò Masedwann.

Gordana Siljanovska-Davkova genyen eleksyon prezidansyèl yo mèkredi 8 me a 65% pou vwa yo. Sa ki fè avoka 70 lane a vin premye fanm ki pral dirije peyi Nò Masedwann.


Prezidant tout nèf la deklare devan patizan l yo: "eske gen yon pi gwo chanjman pase sa, yon fanm ki rive genyen eleksyon yo? M angaje pou m kanpe bò kote fanm yo pou sèvi ak gwo pa sa pou mennen sou wout refòm yo".


Gordana te jwenn sipò pati konsèvatè VMRO-DPMNE pou rive genyen eleksyon sa yo olamen sou pati sosyo demokrat yo (SDSM) ki yo menm pèdi non sèlman eleksyon prezidansyèl la men yo pèdi eleksyon lejislativ yo tou, yo pral okipe sèlman 14,8% plas nan pouvwa lejislativ la.


Defèt sa a se rezilta woule m debò yo nan dosye adezyon peyi Nò Masedwann nan Inyon Ewopeyèn (UE) nan.

Gordana Siljanovska-Davkova pral gen anpil defi pou l leve pandan manda la tankou: dwa moun, konbat koripsyon, povrete elatriye. San bliye akselere pwosesis pou peyi a vin yon manm ofisyèl UE.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page