top of page

Gaza : soti oktòb 2023 pou rive jen 2024, Lame Izrayèl la touye 541 pèsonèl lasante Palestinyen epi bonbade anviwon 500 etablisman eskolè.

Depi mwa oktòb 2023 a, Izrayèl pa sispann bonbade, maspinen pèp palestinyen an. Yon gè anpil pèsonalite, òganizasyon ak plizyè peyi kondane kòm krim kont limanite. Chak jou pi plis ekzaksyon solda Izrayèl yo sou sivil palestinyen montre vyolasyon dwa moun epi prensip lagè. Selon plizyè chif Ministè Sante Gaza pibliye pou montre enpak degradan lagè sa genyen sou Sistèm Sante palestinyen an bay gwo kè kase.


Lame Izrayèl la deja touye 541 pèsonèl Sante palestinyen, maspinen plizyè santèn epi san konte plizyè dizèn ki disparèt. Pèsonèl sante tankou anbilansyen, doktè, enfimye pa epanye anba woulo konpresè lagè pèp Ebre a ap mennen kont Hamas la.


Yon lòt bò lagè sila lakòz destriksyon total ak andomajman 80% etablisman eskolè nan Gaza a. Yon sitiyasyon ki mete atè plat sistèm edikatif Gaza a.

コメント

5つ星のうち0と評価されています。
まだ評価がありません

評価を追加
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page