top of page

Garry Conille, Nouvo Premye Minis Tranzisyon an, rive an Ayiti.

Samdi premye jen 2024 la, Dr Garry Conille, ki te nonmen Premye Minis Tranzisyon semèn pase a pa majorite manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), finalman debake ann Ayiti.


Li te rive soti Miami nan yon vòl Sunrise Airways.

Nouvo chèf gouvènman an gen plan pou rankontre rapidman KPT a pou fòme kabinè ministeryèl tranzisyon an.


Aprè nominasyon li, Dr Conille te deklare detèminasyon li pou travay ak tout aktè enpòtan yo pou amelyore sitiyasyon peyi a.

Dr Conille pwomèt ke li pral travay aktivman pou asire gouvènman tranzisyon an gen tout zouti nesesè pou avanse ak misyon li.


Li espere ke kolaborasyon ant divès sektè yo pral ede pote chanjman pozitif ann Ayiti.

留言

評等為 0(最高為 5 顆星)。
暫無評等

新增評等
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page