top of page

FAA pwolonje entèdiksyon sou vòl ameriken an Ayiti jiska septanm 2025.

Otorite avyasyon ameriken yo (FAA) pwolonje entèdiksyon sou vòl komèsyal ak kago ameriken ki t a  vle fè aterisaj nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture san otorizasyon espesyal. Mezi sa a, ki te premye mete an plas an novanm 2024, apre atak gang ame sou yon avyon komèsyal, ap rete an vigè jiska 8 septanm 2025.


Dapre sa FAA pibliye, avyon ki opere anba lisans ameriken yo ka kontinye travèse espas ayeryen Pòtoprens, men yo pa gen dwa fè aterisaj san otorizasyon direktè FAA a.

Mezi sa a ap vin mete plis difikilte sou Ayiti, yon peyi ki deja soufri anba izolasyon entènasyonal akòz vyolans gang yo ki paralize kapital la. Rediksyon vòl yo ka afekte livrezon èd imanitè, tranzaksyon komèsyal, ak mobilite Ayisyen ki vwayaje pou rezon medikal, edikasyon, oswa lòt nesesite.


Pou kounye a, otorite ayisyen yo poko bay repons sou desizyon sa a, ni sou mezi y ap pran pou amelyore sekirite nan zòn ayopò a.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page