top of page

Etazini Sispann Vòl Komèsyal yo k ap Rantre Ayiti pou 30 Jou aprè Atak ki fèt sou Plizyè Avyon.

Administrasyon Aviyasyon Federal Etazini an (FAA) deside sispann tout vòl ant Etazini ak Ayiti pandan yon peryòd 30 jou. Desizyon sa a pran aprè atak zam ki te fèt lendi 11 novanm 2024, sou de (2) avyon komèsyal ameriken nan zòn Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture, nan Pòtoprens.


Dapre FAA, desizyon sa a ap gen kòm konsekans yon restriksyon total pou aviyasyon sivil ameriken, ki p ap gen dwa opere sou tèritwa ayisyen an ni nan espas ayeryen anba 10,000 pye. Kominikasyon ofisyèl la konfime misyon avyon ameriken yo resevwa notifikasyon pou evite vole sou Ayiti pandan peryòd sispansyon sa a.


Nan yon reyaksyon ofisyèl, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) lan kondane atak sa yo ak anpil fòs epi pwomèt pou pran tout mezi nesesè pou sispann zak vyolans sa yo ki menase sekirite nasyonal la. Avyon Spirit Airlines ak JetBlue ki te sib atak la jodi a rapòte tout pasaje ak ekipaj yo an sekirite, men sitiyasyon lakoz gwo kesyon ap poze sou sekirite espas ayeryen ayisyen an.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page