top of page

Etazini Make 23 Lane Atak Teworis 11 Septanm yo.

Etazini ap sonje 23èm anivèsè atak teworis 11 septanm 2001 yo, yon evènman ki te chanje kou istwa monn nan. Prezidan Joe Biden, ansyen Prezidan Donald Trump, ak Vis Prezidan Kamala Harris te prezan ansanm nan Ground Zero, kote atak yo te fèt, pou rann omaj a prèske 3,000 moun ki te pèdi lavi yo nan jou trajik sa a.


Atak teworis sa yo te make Kontinan Amerik la ak tout monn nan, lè teworis te pran kontwòl avyon komèsyal pou fè yo tonbe sou World Trade Center, Pentagon, ak nan yon jaden nan Pennsylvania. Se te yon aksyon san pitye ki te pran lavi anpil inosan e ki te raple tout moun sou frajilite sekirite mondyal la.


Komemorasyon an vini nan mitan yon sezon elektoral ki chofe anpil nan Etazini. Evènman sa a fèt jis kèk èdtan apre premye deba ant kandida demokrat Kamala Harris ak kandida repibliken Donald Trump, pandan kous pou eleksyon prezidansyèl 2024 la ap kontinye pran fòs. Pandan Ameriken yo sonje viktim yo ak ewo ki te goumen pou sove lòt moun nan jounen sa a, moman refleksyon sa a raple pèp la enpòtans linite ak lapè, menm nan yon moman politik difisil.

Comentarios

Obtuvo 0 de 5 estrellas.
Aún no hay calificaciones

Agrega una calificación
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page