top of page

Etazini Konfime Plis Pase 10,000 Solda Nò koreyen Rive Larisi nan Rejyon Koursk.

Madi 12 novanm 2024 la, Vedant Patel, pòtpawòl Depatman Deta Etazini, konfime gen plis pase 10,000 solda Nò koreyen ki deplwaye nan peyi Larisi, kote pifò nan yo deja rive nan rejyon Koursk, yon zòn estratejik toupre fwontyè Ikrèn. Deklarasyon sa a soulve gwo enkyetid nan kominote entènasyonal la, paske deplasman sa a kapab bay fòs militè Ris yo yon sipò adisyonèl nan konfli kont Ikrèn nan.


Daprè analiz entènasyonal yo, alyans ant Nò Kore ak Larisi a reprezante yon eskalad danjere nan relasyon entènasyonal yo, sitou nan kontèks kote Larisi ap fè fas ak anpil sanksyon entènasyonal ak defi resous. Deplwaman solda sa yo pa sèlman ranfòse kapasite militè Larisi, men li kapab tou bay Nò Kore plis eksperyans milisye nan yon zòn konfli dirèk.


Etazini ak plizyè lòt nasyon eksprime enkyetid konsènan kolaborasyon milite sa, ki ka gen konsekans enprevizib sou estabilite nan rejyon an epi ogmante tansyon mondyal yo. Daprè kèk sous diplomatik, administrasyon ameriken an ap prepare pou ogmante presyon sou tou de (2) peyi yo atravè nouvo sanksyon si kolaborasyon sa a kontinye agrave konfli a.

Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page