top of page

Etazini bay Izrayèl yon èd militè ki koute 8.7 milya dola.

Nan yon moman kote plizyè peyi mande pou Izrayèl mete yon bout ak diferan lagè l ap mennen nan rejyon pwòch oryan swa nan Gaza oubyen nan Liban. Etazini pami peyi ki eksprime gwo kè kase pou lagè a pa al pi lwen, dekese 8.7 milya dola pou ekipman militè.


Malgre tout vwa ki leve pwen fò nan lide pou jwenn yon akò pou yon «cessez-le-feu», gouvènman Ebre a toujou rete detèmine pou kontinye jiskobo lagè kont elmi yo nan rejyon an. Èd militè sa yo resevwa nan men alye ameriken yo a pral pèmèt yo achte ekipman ak materyèl pou 3.5 milya dola epi 5.2 pou ede develope yon pwojè lasè ki puisan ak efikas anmentan gen ase boukliye antimisil.


Leta Ebre a atravè Ministè Defans lan bat bravo pou konkennchen èd sila ki pral ede yo ranfòse yo nan batay yo tanmen kont plizyè òganizasyon teworis nan rejyon pwòch oryan an.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page