top of page

Entèdiksyon zam nan Komin Jakmèl pou asire sekirite pandan kanaval ak vizit otorite nasyonal ak etranje yo.

Nan yon kominike ofisyèl, Komisè Gouvènman an nan Tribinal Premye Enstans Jakmèl, Mèt Pierre Wilner Dormevil, anonse yon entèdiksyon estrik pou pote zam nan tout komin nan. Mezi sa ap rete an aplikasyon jiska 4 mas 2025, epi gen pou objektif garanti sekirite pandan vizit Prezidan Ayisyen Leslie Voltaire ak Prezidan Kolonbyen Gustavo Francisco Petro Urrego ansanm ak ekip yo.


Komisè a eksplike desizyon sa a se pou pwoteje ni vizitè yo, ni rezidan yo pandan aktivite kanaval yo ki pwograme pou peryòd sa a. Yon seri dispozitif sekirite espesyal deja mete sou pye pou asire lapè ak lòd pandan evènman an.

Otorite yo avèti  nenpòt moun yo jwenn ak yon zam  pandan entèdiksyon an ap sibi sanksyon grav. Fòs lòd yo jwenn lòd pou arete tout moun ki vyole entèdiksyon sa, epi mennen yo devan Komisè Gouvènman an pou reponn ak zak yo.


Mezi sa a, ki rantre nan kad yon estrateji nasyonal pou konbat zak vyolans nan peyi a, montre detèminasyon otorite lokal yo pou asire sekirite piblik la pandan evènman enpòtan ak pou pwoteje vizitè entènasyonal yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page