EMMANUEL STÉPHANE LAURENT YON AYISYEN KI RESEVWA GRAN PRI SIY LAPÈ 2025 LAN NAN PEYI ITALI.
- konektem info
- il y a 4 jours
- 1 min de lecture
Pwofesè Emmanuel Stéphane Laurent, k ap anseye nan Inivèsite Leta Dayiti (UEH) ak Lekòl Nasyonal Art (ENARTS), resevwa Gran Pri Siy Lapè 2025 lan, ayè madi 15 avril, nan peyi Itali pandan jounen "Made" la. Pri prestijye sa a, Ministè Antrepriz ak "Made", nan tèt kole ak Chè Lapè Itali remèt la, se yon siy rekonesans pou angajman pwofesè a nan edikasyon, jenès, ak pwomosyon kilti ayisyèn nan.
Kòm jiris ak antwopològ, li dirije Fondasyon Dr Daniel Mathurin (FDDM), kote li mete tout fòs li pou konsève patrimwàn kiltirèl peyi a, epi fòme jèn yo sou kesyon syantifik ak kiltirèl. Sou rezo sosyal yo, li sèvi ak platfòm li pou sansiblize jenès la sou istwa, idantite, ak lapè, yon jefò ki enpòtan anpil nan moman peyi a ap fè fas ak gwo kriz idantite.
Pri sa a ajoute sou yon lòt rekonesans li te resevwa an 2023, pa òganizasyon Vwa ak Kè Ayiti (VCH), sa ki vin plis konfime valè travay l ap fè nan sosyete a. Pwofesè Laurent dedye distenksyon sa a bay tout moun k ap lite pou yon Ayiti ki miyò, edike ak ki byen konekte ak kilti li. Li remèsye Vanessa Clergé, Anbasadè Lapè Pozitif, ki te prezante kandidati li pou pri sa a.
Pou w wè lis ofisyèl moun ki resevwa pri a ak seremoni an :
Nominasyon 2025 – Cattedra della Pace
Videyo Siy Lapè 2025
Comments