top of page

Dr Melissa Etheart nonmen nan tèt DELR.

Dr Melissa Etheart pran tèt Direksyon Epidemyoloji, Laboratwa ak Rechèch (DELR), kote li pwomèt yon nouvo apwòch kolaboratif pou atake defi sanitè piblik peyi a. Nan premye deklarasyon li, Dr Etheart remèsye Minis Sante Piblik la pou konfyans li mete nan li, epi li ensiste sou enpòtans travay an ekip ak tout patnè sektè sante, ni nasyonal ni entènasyonal.


Avèk plis pase 10 lane eksperyans, Dr Etheart pote nan DELR yon ekspètiz solid nan domèn sante piblik. Li gradye nan Inivèsite Notre-Dame d’Haïti, nan medsin epi li gen yon metriz nan sante piblik nan Emory University, Atlanta. Li te travay nan enstitisyon tankou GHESKIO, CDC, ak USAID. Anplis sa, li posede plizyè sètifikasyon nan zafè jesyon ijans ak kriz imanitè, k ap sèvi l nan amelyore kapasite peyi a pou reponn pi byen kont epidemi ak kriz sante.


Nominasyon li make yon angajman Ministè Sante Piblik la, pou ranfòse enfrastrikti sektè sante a epi pou amelyore repons fas ak gwo defi sanitè, tankou jesyon laboratwa ak rechèch. Dr Etheart envite tout aktè yo mete men ansanm pou fè fas ak responsabilite istorik sa a.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page