top of page

Donald Trump: Premye Prezidan Ameriken Tribinal Kondane anvan Envestiti li.

Dis jou anvan l fin antre nan Mezon Blanch lan, Donald Trump, ki genyen eleksyon prezidansyèl yo, jwenn yon kondanasyon nan dosye pèyman kache li te fè ak yon aktris fim, kote l t ap achte silans li.

Malgre sa, Tribinal Kriminèl Manhattan deside pa enpoze okenn santans prizon kont li.


Trump, ki gen 78 an, fè listwa kòm premye prezidan ameriken ki pral pran pouvwa avèk yon kondanasyon penal. Li te patisipe nan odyans lan atravè videyo konferans, kote jij la konfime  li p ap oblije fè okenn tan nan prizon.


Nan yon deklarasyon k plen ak kòlè, Donald Trump kondane desizyon sa a kòm yon « wont pou sistèm jistis ameriken an ». Malgre kritik yo, li pare pou l pran fonksyon li ofisyèlman nan dat 20 janvye 2025, ak etikèt istorik yon prezidan ki pote mak yon kondanasyon penal.


Dosye a remonte anvan eleksyon prezidansyèl 2016 yo, kote Trump te akize kòmkwa li te fè pèyman kache pou achte silans Stormy Daniels sou yon relasyon yo t a genyen.


Kondanasyon sa a make yon etap san parèy nan listwa politik Etazini, mete yon lòt kontwovès sou karyè boukan dife milyadè repibliken an.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page