Donald Trump pran sanksyon sevè kont Peyi Kolonbi.
- konektem info
- 26 janv.
- 1 min de lecture
Prezidan ameriken an, Donald Trump, reponn desizyon Prezidan Kolonbyen an, Gustavo Petro, pou pa resevwa vòl depòtasyon Kolonbyen yo, avèk yon seri mezi sevè ekonomik ak diplomatik. Nan yon mesaj li pibliye sou platfòm li a, Truth Social, Trump fè konnen li enpoze yon dwa ladwàn 25% sou tout machandiz kap soti Kolonbi, epi menase ogmante taks sa a rive 50% nan yon semèn.
Prezidan Trump anonse tou entèdiksyon viza pou tout ofisyèl Kolonbyen yo, revoke viza yo ki egziste deja, epi aplike sanksyon finansyè ak bankè kont Kolonbi. « Mezi sa yo, se jis yon kòmansman », li deklare, pandan li akize gouvènman Kolonbyen an dèske li refize respekte « obligasyon jiridik » li genyen pou aksepte migran depòte yo.
Trump konsidere desizyon Petro a kòm yon menas pou sekirite nasyonal ak sekirite piblik Etazini, daprè enfòmasyon RFI ak CNN. Tansyon ant de (2) peyi yo kontinye ap monte pandan kriz migrasyon an ap fè tit prensipal atravè lemond.
Comments