Donald Trump kanpe pwogram imanitè Biden nan.
- konektem info
- 21 janv.
- 1 min de lecture
Prezidan Donald Trump siyen yon dekrè ki kanpe plizyè pwogram imigrasyon enpòtan, pami yo pwogram imanitè administrasyon Biden nan. Pwogram sa a te pèmèt Ayisyen, Kiben, Nikaragweyen ak Venezyelyen rantre Etazini legalman. Dekrè sa a, ki fè pati premye desizyon Trump pran kòm Prezidan, egzije Depatman Sekirite Enteryè (DHS) kanpe aplikasyon pwogram sa yo imedyatman.
Nan dokiman Lamezon Blanch pibliye, Trump mande DHS pou sispann enstalasyon refijye sou teritwa ameriken an. Migran ki nan Peyi Meksik yo pral oblije rete kote yo ye a, pandan y ap tann dat pou konparèt nan tribinal. Dekrè a mete fen nan itilize aplikasyon CBP One, yon zouti ki te fasilite pwosesis antre migran etranje yo Ozetazini.
Desizyon sa a deja soulve gwo reyaksyon nan mitan kominote entènasyonal la ak òganizasyon k ap defann dwa imigran yo. Dapre Miami Herald ak NPR, mezi sa yo pral gen gwo konsekans sou migran ki te konte sou pwogram sa yo pou chèche yon lavi miyò Ozetazini. Lè li fin siyen dekrè a, Trump konfime volonte li pou retounen sou anpil politik imanitè ki te make administrasyon Biden an.
Comments