DINEPA lanse yon pwojè pou amelyore aksè ak dlo pwòp ak asenisman nan Sid peyi a.
- konektem info
- 17 déc. 2024
- 2 min de lecture
Yon nouvo pwojè ki rele ATPR (Aksè a Dlo Potab ak Asenisman Riral) lanse nan Sid peyi a, avèk yon vizyon klè pou ranfòse aksè a sèvis dlo pòtab ak asenisman nan zòn riral ak ti vil yo sou yon peryòd sis (6) lane (2023-2029). Dapre previzyon yo, pwojè a pral touche 250 000 moun ki pral jwenn pi bon aksè ak dlo potab, pandan 125 000 lòt pral wè kondisyon asenisman yo amelyore.
DINEPA chwazi fè kolaborasyon ak Fondasyon Pan-Ameriken pou Devlopman (PADF) pou mete pwojè sa a an aplikasyon. Apwòch sa a konsantre sou sipò teknik ak jesyon finansye nan pwojè lokal yo, pandan OREPA Sid ap responsab pou siveyans ak kontwòl kalite travay yo.
Guito Édouard, direktè jeneral DINEPA, fè konnen apwòch sa a baze sou eksperyans yo te tire nan lòt pwojè anvan yo. Li soulinye pwojè a mete yon aksan espesyal sou rezistans enfrastrikti yo, patisipasyon aktif kominote yo, epi sou kapasite komin yo pou yo jere pwojè yo nan fason endepandan.
Nan kad pwojè ATPR, 15 komin nan Sid peyi a pral jwenn yon sipò finansye ki rive 450 000 dola ameriken sou twa (3) lane, swa yon sòm 150 000 dola chak ane, espesyalman pou pwojè dlo pòtab ak asenisman.
Filip Eliscar, direktè OREPA Sid, salye inisyativ sa a, li di se yon opòtinite inik pou amelyore lavi moun nan zòn riral yo. Li fè konnen patisipasyon kominote yo pral kle pou garanti dirab enfrastrikti yo.
Selebrasyon lansman pwojè a nan Kanperen te rasanble notè lokal ak lòt reprezantan komin yo. Fritznel Chéry, prezidan Asosyasyon Majistra Sid yo (AMSUD), eksprime konfyans li nan pwojè sa a ki, dapre li, kapab reprezante yon virewon nan batay pou amelyore aksè ak dlo potab ak asenisman nan rejyon an.
Pwojè ATPR la pa sèlman vize chanje lavi milye moun, men li tou chache fè kominote yo pi rezistan fas ak gwo defi tankou chanjman klimatik. DINEPA ak patnè li yo fè konnen pwojè sa a se yon etap esansyèl pou yon devlopman ki dirab nan rejyon Sid la.
Comments