top of page

CONATEL egzije DIGICEL retounen sou desizyon ogmante pri sèvis li yo.

Nan yon kominike pou laprès, CONATEL raple Digicel ak tout operatè yo sou enpòtans respekte sikilè 31 me 2022 ki regle ajisteman tarif sèvis telekominikasyon yo. Sikilè sa a, daprè direktiv yo, mande pou nenpòt chanjman nan pri sèvis yo fèt avèk aprobasyon CONATEL omwen uit (8) jou avan li antre an vigè. Men, nan jou pase yo, Digicel fè yon ogmantasyon rapid nan pri sèvis yo, sa kreye pale anpil nan mitan kliyan yo.


Nan yon rankont ant Direktè Jeneral CONATEL la, Enjenyè Joses JEAN-BAPTISTE, ak Direktè Jeneral Digicel la, Mesye Jean Philippe BRUN, kote kesyon modifikasyon tarif yo te sou tab, CONATEL te fè konnen li mande pou Digicel aplike sikilè sa a kòmsadwa ak revize nenpòt mezi ki pa konfòm ak li.


Desizyon ogmantasyon tarif sa a leve yon seri de reyaksyon nan peyi a. Kote plizyè moun mande pou respekte dwa kliyan yo ak lwa peyi a. CONATEL, nan kominike li, raple operatè yo ki pa respekte sikilè a ka tonbe anba sanksyon jan sa prevwa nan sikilè a nan kesyon an.


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page