DHS Anonse TPS la Pwolonje pou Migran Venezyelyen ak Salvadoryen yo.
- konektem info
- 11 janv.
- 1 min de lecture
Ayè, vandredi 10 janvye 2025, Depatman Sekirite Enteryè Etazini (DHS) anonse yon pwolongasyon Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou anviwon 600,000 Venezyelyen ak plis pase 230,000 Salvadoryen.
Pou Venezyelyen yo, peryòd pwolongasyon an ap kòmanse 3 avril 2025 epi ap fini 2 oktòb 2026. Pandan se tan, pou Salvadoryen yo, nouvo peryòd 18 mwa sa a ap kouvri soti 10 mas 2025 pou rive 9 septanm 2026.
Dapre otorite ameriken yo, desizyon sa a pran nan kad repons fas ak kondisyon difisil ki genyen nan peyi sa yo, tankou kriz politik, ensètitid sekiritè, katastwòf anviwonmantal, epi ijans imanitè ki kontinye ap frape popilasyon yo.
Pwolongasyon TPS la konsidere kòm yon mezi esansyèl pou asire sekirite moun ki pa ka retounen san danje nan peyi yo. Avèk desizyon sa a, anpil migran gen chans pou kontinye viv, travay, ak benefisye pwoteksyon legal Ozetazini pandan kriz yo ap kontinye nan Peyi yo.
Comments