top of page

Dezyèm tou Eleksyon Prezidansyèl : Yamandu Orsi, lidè opozisyon « Frente Amplio », se nouvo prezidan eli Peyi Uruguay.

Politisyen 57 lane a, ansyen pwofesè istwa, Yamandu Orsi genyen eleksyon prezidansyèl 24 novanm 2024 la, nan peyi Uruguay. Li ranpòte eleksyon sila fas ak Alvaro Delgado ki te reprezante gouvènman an plas la, nan konpetisyon elektoral sila a.


Nan yon kominike Lakou Elektoral mete deyò, yo ofizyalize viktwa lidè Frente Amplio a, ak 49,8 % vòt yo kont 45% pou kandida Delgado. Plis pase 3,4 milyon elektè te soti ayè dimanch 24 novanm lan pou vote yon fason pou chwazi kiyès ki pral dirije peyi a.

Prezidan eli a selebre viktwa devan plizyè patizan ak fè konnen, pandan manda li a, l ap mete aksan sou dyalòg. « Mwen pral prezidan k ap lonje menm pou tout moun vin dyaloge pou n jwenn bon jan solisyon yo. Pandan m ap suiv vizyon m nan, m ap rete ouvè pou tande tout moun. »


Ansye sekretè Laprezidans lan epi kandida gouvènman , Alvaro Delgado, rekonèt viktwa advèsè la ; « Jodi a, pèp irigweyen an chwazi yon moun ki pral dirije, nan non tout kowalisyon gouvènmantal la m salye viktwa Mesye Orsi la. »


Orsi pral genyen pou envesti nan tèt prezidans Irigweyèn nan, Premye Mas 2025. Pandan tout kanpay li, prezidan eli a pwomèt relanse kwasans ekonomik epi redui defisi bidjetè a. Selon plizyè obsèvatè, malgre gochis yo genyen eleksyon an, men sa pa pral genyen okenn chanjman radikal nan peyi Irigwe ki konsidere kòm youn nan peyi estab nan rejyon Sid Amerik la.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page