Debri Eksplozyon Fize Starship la koze gwo panik sou Teritwa Ayisyen an.
- konektem info
- 16 janv.
- 1 min de lecture
Moun an Ayiti temwen yon fenomèn etranj nan syèl la, jodi Jedi 16 janvye 2025 lan. Debri an flanm ki te parèt nan plizyè rejyon te lakoz panik, pandan anpil moun t ap eseye konprann si se te yon evènman natirèl oswa yon menas militè.
Kèk èdtan apre, nouvèl yo fè konnen debri sa yo soti nan yon echèk teknik SpaceX, konpayi Elon Musk la, pandan yon lansman fize Starship la.
Pandan premye fize booster Super Heavy a te reyisi retounen an sekirite nan baz li, nan Boca Chica, Texas, dezyèm lansman an fè fas ak gwo pwoblèm.
Yon motè nan dezyèm nan te sispann travay pandan dekolaj la, sa ki te pwovoke pàn kat (4) lòt motè. Sa mennen nan yon pèt total kominikasyon ak veso espasyal la, sa ki lakoz debri yo gaye nan espas Karayib la, ki gen ladan Ayiti.
Malgre ensidan sa a, SpaceX te selebre siksè yo te genyen nan rekiperasyon premye etap la, yon etap enpòtan pou devlopman pwojè Starship la. Konpayi an fè konnen li pral kontinye travay pou amelyore pèfòmans teknoloji yo pou evite pwoblèm repete nan lavni.
Comments