DCPJ arete ansyen Depite komin Kenskòf Alfredo Antoine.
- konektem info
- 4 avr.
- 1 min de lecture
Lapolis mete men sou ansyen depite Kenskòf la, Alfredo Antoine, jodi vandredi 4 avril 2025 lan, nan zòn Mòn Kalvè, Petyonvil. Sa fè plis pase yon mwa depi Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) te lanse yon seri avi rechèch kont plizyè pèsonalite yo sispèk ki t a enplike nan rezo k ap alimante ensekirite a, nan peyi a.
Nan dat 18 fevriye 2025 lan, non Alfredo Antoine te parèt sou lis moun DCPJ t ap chèche, ansanm ak ansyen senatè Nip la, Nenel Cassy. Otorite yo poko bay plis detay sou arestasyon an, men zak la make yon nouvo etap nan batay k ap mennen kont ensekirite ak enpinite an Ayiti.
コメント