Dave-Oliver Bijoux Chanpyon ak Tenis “Ayibobo” nan A'Design Award & Competition 2025 nan peyi Itali.
- konektem info
- il y a 3 jours
- 2 min de lecture
Jèn dizaynè ayisyen Dave-Oliver Bijoux make non li sou sèn entènasyonal la apre li ranpòte A'Design Award & Competition 2025, youn nan pi gwo prim design ki egziste nan monn nan. Se ak tenis inovatè li, "Ayibobo", li reyalize eksplwa sa a, ki mete Ayiti anba limyè ankò.
Tenis "Ayibobo" pa sèlman bèl — li se yon senbòl fyète nasyonal, kreye ak vizyon pou mete etikèt “Made in Haiti” sou sèn mondyal la. Modèl la mete aksan sou inovasyon, kilti ak dirabilite, e li deja atire anpil admirasyon sou plan entènasyonal.
Sepandan, dèyè eksplo sa a, gen yon gwo defi:
Dave-Oliver manke mwayen pou l al pran prim li an Itali, kote seremoni ofisyèl la ap fèt 20 Me 2025. Li fè konnen li bezwen sipò dirèk gouvènman ayisyen an, dyaspora a, ak tout ayisyen ki vle wè peyi a avanse, pou l ka reprezante Ayiti diyman.
“Mwen fyè dèske mwen rive pote flanm Ayiti sou sèn mondyal la. Men, se pa viktwa mwen sèlman — se viktwa tout ayisyen. Jodi a, mwen bezwen nou pou n ede m al chèche sa ki pou nou tout,” se pawòl Dave-Oliver Bijoux.
Pwojè sa a se pa sèlman yon soulye — se yon mouvman ki chita sou valè, talan ak kapasite jèn ayisyen yo genyen pou fè diferans, malgre mank mwayen ak obstak ekonomik yo ap viv chak jou.
Nou kwè ak ti kout men gouvènman an, antrepriz prive, ak dyaspora a, nou ka pèmèt Dave-Oliver Bijoux mete drapo Ayiti pi wo ankò.
Se tan pou nou kore talan nou yo, se tan pou nou kwè nan tèt pa nou!
Pou sipòte Dave-Oliver ak pwojè sa a:
Kontakte ekip li sou: dobdesignht@gmail.com oswa sou paj sosyal li yo.
Comments