top of page

Daprè Save the Children Senk timoun mouri oswa blese chak semèn an Ayiti.

Nan premye sis mwa ane 2024 la, an mwayèn senk timoun mouri oswa blese chak semèn an Ayiti akòz vyolans ak zam, daprè òganizasyon Save the Children. Daprè done Nasyonzini verifye, kantite aktyèl viktim yo ka pi wo toujou. Depi kòmansman ane a, omwen 131 timoun, ki gen ladan tibebe, te viktim nan atak vyolan nan katye yo oswa pandan echanj kout zam ant gwoup ame ak lapolis.


Direktris nasyonal Save the Children an Ayiti, Chantal Sylvie Imbeault, eksprime endiyasyon li devan sitiyasyon an, mete aksan sou jan kriz la grav depase sa chif ofisyèl yo montre. Òganizasyon an, ki la nan peyi a depi 1978, kontinye sipòte fanmi yo ak asistans kach, swen sante, nitrisyon, epi li fasilite aksè timoun yo nan edikasyon.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page