top of page

Claude Joseph Mande pou yo Destitiye twa (3) Konseye Prezidan yo ki enplike nan eskandal kòripsyon an.

Prezidan Konsèy Estratejik pati Angaje pou Devlopman an (EDE), Dr Claude Joseph, egzije, ak tout fòs li, pou revoke twa (3) manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) ki enplike nan eskandal koripsyon nan Bank Nasyonal Kredi a. Nan yon entèvyou li bay nan emisyon *Revèy Ayiti* sou Vant Bèf Info, ansyen premye minis Claude Joseph mande pou Louis Gerald Gilles, Emmanuel Vertillaire ak Smith Augustin, ki reprezante respektivman Akò 21 Desanm, pati Pitit Dessalines ak Kompromi istorik RED/EDE, bay demisyon yo san pèdi tan. Dapre li, depa yo enpòtan pou kreye yon klima konfyans ak entegrite pandan peryòd tranzisyon an.


Rapò Inite Lit kont Kòripsyon an (ULCC) ki devwale pratik ki makonnen ak dout nan KPT a soulve anpil reyaksyon nan mitan aktè politik yo. Lidè pati politik EDE a ensiste sou nesesite pou mete konseye sa yo sou kote pou debloke kriz sosyo-politik k ap frape Ayiti a. Li souliye tou planifikasyon KPT pou fè remaniman ministeryèl la p ap itil anyen si konseye sa yo rete nan pozisyon yo, dapre atik 2 Akò 3 avril la ki mande responsab piblik yo pou respekte prensip moral.


Anplis sa, Claude Joseph fè konnen pati li a, EDE, pa konsidere tèt li reprezante nan KPT ankò, paske li kwè Smith Augustin, ki te reprezantan yo anvan, pran distans li ak ideyal pati a. Fas ak kriz konfyans sa a, Claude Joseph entèdi nenpòt patisipasyon pati li a nan reyinyon kote twa (3) manm ki enplike yo ap patisipe. Malgre tansyon sa yo, li eksprime yon espwa nan siksè tranzisyon aktyèl la, pandan li ankouraje lidè politik yo pou mete enterè jeneral la douvan nan travay ak tout kè yo pou reyalize fèy wout Akò 3 avril la.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page