top of page

Christee Guirand ranpòte kouwòn Miss World Haïti 2024 la.

Pandan gran final Miss World Haïti 2024 la,ki te fèt jedi 5 septanm 2024, nan otèl NH El Rancho, Christee Guirand te make diferans pami uit (8) finalis yo pou ranpòte tit Miss World Haïti 2024, li pral gen privilèj pou reprezante Ayiti nan 73yèm edisyon Miss World ki ap dewoule nan Arena Ciudad de México.


Nan mitan lòt kandida yo,

Laurie Jeanlus te eli kòm premye dofinn, Lovely Bazile kòm dezyèm dofinn, epi Kathy Charles kòm twazyèm dofinn.


Shaika Cadet, pou pati pa li, te genyen tit Miss Supra Globale 2024,

li pral reprezante Ayiti nan konkou entènasyonal Miss Supra Globale nan peyi Endonezi.


Evènman sa a te make yon gwo moman pou selebre bote ak kapasite fanm ayisyen yo, ki pral pote koulè drapo nou an byen wo sou sèn mondyal.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page