top of page

Chef Leen Excellent Kanpe Djougan Pou mete anpwent Kilinè Ayisyen an nan listwa rekò Monn nan.

Nan Peyi Lafrans, anba drapo Ayiti a, Chef Leen Excellent ap ekri yon paj istwa inik pou tèt li, pou pèp li ak pou jenerasyon k ap vini yo. Depi lendi 7 avril 2025, li lanse tèt li nan yon maraton kizin san parèy, ak objektif pou kraze rekò mondyal Alan Fisher te mete an 2023 pou pi long maraton kizin endividyèl: 119 èdtan 57 minit. Men Chef Leen pa sèlman vize rekò sa — li mete tèt li pou rive 192 èdtan kwizin san sispann, ak sèlman 2 èdtan repo pa jou, anba siveyans estrik Guinness World Records.


Sa ki plis make nan defi sa a, se jan li depase limit reyalite pou vin tounen yon mouvman nasyonal. Chef Leen deklare: « Defi sa a pa sèlman pou mwen. Se pou tout jèn fi ayisyèn ki reve gran ». Tout rezo sosyal yo ranpli ak mesaj ankourajman tankou “Nou kanpe dèyè w, Chef Leen!” ak “Leen ap mete dife nan mamit pou mete limyè sou Ayiti!”. Yon veritab chalè pèp la ki chofe dife nan mamit Chef Leen.


Anplis maraton an, Leen Excellent frape gwo fò sou TikTok, kote l ap simaye enspirasyon. Nan mwens pase 8 jou, li rasanble plis pase 450,000 moun k ap suiv li, ak depase objektif finansman l ki te plis pase 26,000 Euro pou kouvri depans yo. Men plis toujou: li kraze yon lòt rekò mondyal pou pi gwo kantite “likes” sou yon live TikTok, ak plis pase 340 milyon likes, bat Tess Bohne, yon enfliyansè Ameriken ak 116 milyon likes pandan yon konsè Taylor Swift an 2024. Yon lòt etap ekstrawòdinè ki mete non l nan liv Guinness kòm Ayisyèn ki reyalize sa.


Si tout bagay mache jan li prevwa, Chef Leen ap fini defi istorik li jodi madi 15 avril la. Tout prèv ap soumèt bay Guinness pou validasyon ofisyèl. Men li di li deja genyen: li mete limyè sou Ayiti, sou kouraj fanm yo, epi sou gou kizin n ap ofri monn l

nan.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page