top of page

Canadian Selah Music Awards nomine Stanley Georges nan twa (3) kategori.

Aprè  Ticket  Magazine dezinye «L ap konbat pou ou » kòm album evanjelik pou ane 2024 la, «L ap konbat pou ou» kontinye briye nan endistri mizikal la. Sèt fwa si se Canadian Selah Music Awards, yon enstans etranje ki nomine zèv sila ak atis la.


Stanley Georges ak L ap konbat pou ou nomine nan twa kategori : Album of the year- foreign language (albòm ane a nan lang etranje), Caraibean artist of the year (Atis karibeyen ane a) epi Male Artist of the year- foreign language  (Atis maskilen nan lang etranje). «L ap konbat pou ou» se sèl tit albòm kreyòl ki nomine pami 7 lòt albòm nan lang espanyòl.


Nominasyon Stanley Georges ak « L ap konbat pou ou » se yon fyète pou mizik evanjelik ayisyen an.  Piblik la envite pou sipòte Stanley epi fè mizik evanjelik ayisyen an rive fè yon gwo eskplwa nan endistri mizikal evanjelik entènasyonal la pandan y ap vote sou facebook ak Instagram Canadian Selah Music Awards.

Yon vòt egal ak yon like, non atis la ak drapo peyi Dayiti a nan kòmantè «Stanley Georges 🇭🇹». Fè kòmantè tou totan w kapab.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page