top of page

Canada Anonse Yon Lòt 5,7 Milyon Dola Pou Sipòte Misyon Miltinasyonal an Ayiti.

Gouvènman Canadien an anonse mèkredi 26 jen 2024 la, ke li pral kontribye yon lòt anvlòp 5,7 milyon dola ameriken pou sipòte deplwaman Misyon Miltinasyonal pou Sipò Sekirite (MMSS) an Ayiti.


Nan yon kominike ofisyèl, Minis Afè Etranjè Canada a, Mélanie Joly, fè konnen ke Canada pral mete fon sa a disponib nan Fon Nasyonzini te etabli pou misyon MSS an Ayiti. Sòm 5,7 milyon sa a vin ajoute sou 80,5 milyon dola Canada te deja anonse pou Fon Nasyonzini an nan mwa fevriye ane sa a.


Finansman sa a pral dirèkteman sipòte deplwaman misyon Kenya ap dirije a, dapre sa gouvènman Canadien an te deklare. Canada fè konnen li pral kolabore ak lòt peyi ki kontribye nan misyon MSS la pou bay fòmasyon polisye yo ki pral deplwaye yo, epi mete an plas mekanis pou anpeche vyolasyon dwa moun, tankou zak vyolans ak abi seksyèl kont fanm ak timoun.


Anplis de 5,7 milyon dola sa a, Canada te deja kontribye 12,5 milyon dola pou sipòte twa pwojè ki gen pou objektif ranfòse Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH) ak amelyore sekirite pou sitwayen Ayisyen yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page