top of page

BRH ak Bank Mondyal diskite sou avni sektè finansye Ayiti a.

Ayè  22 janvye 2025 lan, Yon reyinyon estratejik fèt ant Gouvènè Bank Repiblik Ayiti (BRH), Gabriel Ronald, Michele Delerme, manm Konsèy Administrasyon BRH, ak yon delegasyon Bank Mondyal. Reyinyon an te konsantre sou yon bilan koperasyon ant de (2) enstitisyon yo, ak yon priyorite sou modènizasyon ak estabilite sistèm finansye a an Ayiti.


Diskisyon yo te touche sou enpòtans ranfòsman enfrastrikti finansye yo, evalyasyon mezi kont blanchiman lajan, ak enklizyon finansye. BRH mete aksan sou kolaborasyon ak Bank Mondyal kòm yon pilye esansyèl pou soutni inovasyon dijital ak nouvo teknoloji finansye, nan yon kontèks kote Ayiti bezwen yon sistèm finansye ki solid.


Tou de (2) pati yo diskite sou nesesite pou amelyore siveyans sistèm finansye a, ranfòse sekirite tranzaksyon yo, ak kolekte done presi sou aktè tankou FinTechs ak peman mobil. Sa pral ede jere risk yo epi adapte politik yo ak nouvo chanjman nan sektè a. Objektif final la se kreye yon sistèm finansye ki entegre, ki rezilyan, epi ki sèvi bezwen tout popilasyon an pandan l ap bay Ayiti yon pozisyon modèl nan rejyon an.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page