Boutilye : Yon Aplikasyon Mobil Ayisyen ki Revolisyone Fason Nou Koute Radyo.
- konektem info
- il y a 2 jours
- 1 min de lecture
Yon nouvo chapit louvri nan mond radyo an Ayiti. Masters Media lanse ofisyèlman Boutilye, yon aplikasyon mobil ki mete radyo ak rezo sosyal ansanm sou yon sèl platfòm entèraktif. Se premye inisyativ konsa nan peyi a, ki fèt pa yon ekip jèn antreprenè ayisyen, kote ak anbisyon yo rive mete konpetans ayisyen nan teknoloji sou sèn mondyal.
Boutilye, ki disponib sou App Store ak Play Store, pèmèt moun koute ak patisipe dirèkteman nan emisyon yo. Avèk opsyon Live Comment, oditè yo kapab poze kesyon, pataje opinyon, enteraji parapò ak sa y ap tande sou radyo a, menm jan ak sa ki fèt sou rezo sosyal yo.
“Nou vle amelyore modèl radyo pasif la, kote moun sèlman tande san yo pa ka reyaji,” se sa ekip la fè konnen.
Boutilye vin tounen yon espas kote estasyon yo ka bati kominote, kenbe kontak ak oditè yo, epi angaje yo nan chak emisyon.
Pou pwopriyetè radyo, aplikasyon an reprezante yon opòtinite pou agrandi prezans yo sou entènèt, atire plis ekout, epi mete estasyon yo disponib nenpòt kote nan lemonn. Se yon teknoloji 100% mobil, 100% entèraktif ak 100% ayisyen, ki bay mwayen pou:
Ogmante viziblite estasyon an.
Enteraji ak piblik la an dirèk.
Mete radyo lokal sou plan entènasyonal.
Malgre aplikasyon an pote non Boutilye, yon estasyon antèn ki te make Pòtoprens, vizyon li depase limit peyi a. Se yon platfòm ki vle pote ekselans ak kreyativite jèn ayisyen yo bay lemonn.
Pou moun ki enterese mete estasyon pa yo sou Boutilye, yo ka kontakte ekip la sou radio.boutilye@gmail.com oswa rele +509 4880 0412.
Commentaires