top of page

Bernard Hill, 79 lane, youn nan aktè fim Titanic ak Le Seigneur des anneaux mouri dimanch 5 me 2024.

Bernard Hill yon aktè ak plis pase 50 lane karyè nan sinema mouri dimanch 5 me 2024 a 79 lane, se ajan l ki konfime nouvèl la ak BBC. Hill fèt nan vil Manchester an Angletè. Aktè britanik la se youn nan ra komedyen ki patisite nan de fim a 11 oscar.


Bernard Hill kòmanse jwe nan fim depi 1973 men li te tann 1997 pou karyè l te vin eksploze ak patisipasyon nan youn nan pi gwo siksè nan mond sinematografik la "Titanic". Hill te jwe wòl kapitèn Edward Smith nan siksè James Cameron. Pèfòmans Hill nan wòl sa a rete grave nan memwa anpil moun.


Anplis de wòl li nan “Titanik”, an 2002, Hill te jwe tou nan triloji ki te adapte nan“Le Seigneur des Anneaux” kote li te jwe wòl wa Théoden.


Anpil pèsonalite sitou nan mond sinematografik la salye depa aktè britanik lan ak voye senpati yo ak fanmi defen an.

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page