top of page

Benjamin Netanyahu kraze Kabinè Lagè Izrayèl nan kad batay kont Hamas la.

Jodi lendi 17 jen an, Premye Minis Izrayèl la Benjamin Netanyahu pran desizyon pou kraze Kabinè lagè li a. Yon Kabinè li te kreye tou suit aprè òganizasyon teworis Hamas te Izrayèl nan dat 7 oktòb la. Kabinè sila te kreye nan objektif pou planifye ak kowòdone replik Izrayèl yo kont Hamas.


Kabinè sa te kreye 11 oktòb aprè yon akò ant chef gouvènman Ebre a Benjamin Netanyahu ak youn nan chèf opozisyon an Benny Gantz. Kabinè sa te gen 6 manm ki t ap reflechi, òganize ak byen kowòdone frap Leta Ebre nan Gaza. Benjamin Netanyahu pran desizyon kraze Kabinè sila tou suit aprè demisyon de manm nan komisyon sa a Benny Gantz ak Gadi Eisenkot. De manm Kabinè demisyonè yo kraze kite sa pou leve kanpe kont enkapasite chèf gouvèman an pou mete kanpe yon estrateji pou fè lagè a nan Gaza.



Pou koulye a, Benjamin Netanyahu ranplase kabinè lagè li pa kabinè sekirite li ki konpoze ak Minis Defans la Yoav Gallant, Minis Zafè Estratejik a Ron Dermer epi Konseye sekirite nasyonal la Tzachi Hanegbi.

N ap raple lagè sa deja lakoz lanmò plis pase 37 000 palestinyen.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page