Barbancourt genyen meday lò nan « San Francisco World Spirits competition 2024 ».
- konektem info
- 13 mai 2024
- 1 min de lecture
Nan San Francisco 2024 World Spirits Competition, yon konpetisyon mondyal, konpayi plis pase 100 lane egzistans lan "Rhum Barbancourt" fè fyète Ayiti lè yo genyen de meday lò pou wonm blan yo "Haitian Proof".
Distenksyon prestijye sa a ranfòse repitasyon entènasyonal Barbancourt kòm youn pami pi bon pwodiktè wonm nan mond lan. N ap raple nan mwa fevriye plizyè ekta plantasyon kann Barbancourt an te pase anba dife gang ame.
Doub Meday lò sa montre ekspètiz konpayi an ak angajman kontinyèl nan ekselans nan endistri alkòl malgre konplikasyon sitiyasyon nan peyi dènye tan sa yo.
Comentarios